Jere katastwòf ak rediksyon risk

Current Status
Not Enrolled
Price
Closed
Get Started
This course is currently closed

Pwogram kou sa a te adapte soti nan pwogram “Risk ak Rezilyans nan Katastwòf ki Oryante sou Fanm nan Peyi ki Anba Devlòpman” ki te devlope pa Sosyete SIG nan Trinidad ak Tobago. Kou sa a ofri yon konpreyansyon pwofond sou konsèp SIG yo ak aplikasyon yo nan rediksyon risk katastwòf yo. L’ap vize soulinye enpòtans ranfòse kapasite ak enkli fanm ak tifi nan ranfòse rezilyans devan katastwòf natirèl. Kou a separe an twa (3) modil, ki se:

  1. Jere katastwòf
  2. Evalyasyon risk
  3. Risk ak Rezilyans nan Katastwòf ki Oriyante sou Fanm nan Peyi ki Anba Devlòpman (PEID)

Kou a gen pou objektif bay fòmasyon sou konsèp Sistèm enfòmasyon Jeyografik (SIG) ak aplikasyon yo nan rediksyon risk katastwòf. Bi inisyativ sa a ap konsantre sou fanm ak ti fi nan Peyi ki Anba Devlòpman (PEID), avèk objektif renfòse konpetans nan SIG patisipan yo ak ogmante rezilyans yo devan katastwòf natirèl.

Nan fen kou sa a, elèv yo ta dwe kapab:

  1. Konprann fondamantal Sistèm enfòmasyon Jeyografik (SIG) yo ak itilizasyon yo nan jere risk katastwòf.
  2. Konprann vilnerabilite devan danje.
  3. Konprann vilnerabilite fanm ak ti fi pandan katastwòf natirèl ak aprann kijan ranfòse rezilyans yo.
  4. Konprann jere katastwòf ak risk, estrateji atiniasyon ak jan pou ogmante kapasite rezilyans fanm ak ti fi devan katastwòf.
  5. Aprann fondamantal platfòm HOTOSM.

Pou ki moun kou sa a destine?

Kisa mwen dwe konnen?

Konbyen tan kou sa a dwe dire?

Strikti kou a